2 Corinthians 1
Haitian Creole Bible

1Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.

2Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.

3Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. 4Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. 5Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. 6Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. 7Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.

8Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan. 9Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve. 10Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen, 11depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mèsi pou mwen.

12Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen. 13Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt 14sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.

15Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te kòmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa. 16Men wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen t'aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m' ankò lè m'ap tounen soti la. Nou ta ka ede m' lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide. 17Lè m' te fè lide sa a, èske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, èske se avantaj pa m' m'ap chache tankou tout moun kifè m' ta gen de pawòl? 18Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pa t' yon wi ak yon non anmenmtan. 19Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye. 20Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye. 21Se Bondye menm ki kenbe m' fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li, 22li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kè nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou.

23Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent. 24Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

1 Corinthians 16
Top of Page
Top of Page