Proverbs 4
Haitian Creole Bible

1Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

2Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.

3Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.

4Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.

5Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.

6Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.

7Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

8renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.

9Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.

10Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

11Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

12Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.

13Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.

14Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.

15Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.

17Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.

18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.

19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.

20Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.

21Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

22Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.

23Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

24Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

25Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.

26Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

27Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Proverbs 3
Top of Page
Top of Page