Psalm 24
Haitian Creole Bible

1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.

2Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.

3Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?

4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.

5Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.

6Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.

7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!

8Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.

9Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!

10Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 23
Top of Page
Top of Page